Aprann · Travay · Avanse
Aprann konpetans pou travay sou entènèt.
Devlope konpetans pratik, kreye pwojè pa w epi jwenn plis fason pou avanse — an Kreyòl, nan ritm pa w, nenpòt kote ou ye.
Kreye kont ou gratis. Pa gen kat obligatwa.
Tout fòmasyon yo
Chwazi sa w vle aprann apre sa.
Peye fasil ak MonCash oswa NatCash
Peman otomatik · Aksè apre konfimasyon
Yon lekòl dijital ayisyen
Yon lekòl dijital ki fèt pou ede w avanse.
Nou mete konpetans pratik, fòmasyon an Kreyòl ak yon eksperyans ki senp nan menm espas la—pou w ka aprann epi mete sa w aprann an mouvman.
Kreyòl
Aprann nan lang ou
Pratik
Pou mete an mouvman
Nenpòt kote
Telefòn oswa òdinatè
Chwazi direksyon ou
Pa sèlman gade videyo. Aprann fè bagay ki gen valè.
01
Travay sou entènèt
Aprann konpetans ou ka itilize pou travay ak kliyan oswa sou pwòp pwojè w.
Eksplore02
Bati yon aktivite pa w
Soti nan yon lide pou rive nan konpetans ou ka mete an pratik.
Eksplore03
Travay nenpòt kote
Aprann sou telefòn oswa òdinatè, nan ritm ki mache pou ou.
Eksplore04
Vin gen plis opsyon
Chak nouvo konpetans ka louvri yon lòt chemen pou travay, biznis oswa pwojè pèsonèl.
EksploreKòmanse gratis
Gade premye leson ou gratis.
Dekouvri videyo pratik an Kreyòl. Kreye kont ou gratis pou kòmanse gade.
Aprann ak pwodwi a
Aprann. Pratike. Kontinye kote w te rete.
YonPousan kenbe fòmasyon, pwogrè, sètifika ak pwochen etap ou nan menm espas la—sou telefòn oswa òdinatè.
Sou telefòn ou
Leson pratik
Swiv pwogrè w
Sètifika ki kalifye

Boustaj TikTok
7 leson videyo · Jeen Wood
Mizajou ak nouvo leson gratisGade kou a →
Ajans Boustaj Facebook
27 leson videyo · Jeen Wood
Mizajou ak nouvo leson gratisGade kou a →
Kreye Kanpay Piblisite Facebook Ak Instagram
11 leson videyo · Jeen Wood
Mizajou ak nouvo leson gratisGade kou a →
Sekrè Founisè yo: Jwenn Followers ak Views a Ti Pri
17 leson videyo · Jeen Wood
Mizajou ak nouvo leson gratisGade kou a →
Fomasyon Kat
18 leson videyo · Jeen Wood
Mizajou ak nouvo leson gratisGade kou a →Bon pou konnen
Kesyon moun poze souvan
Men repons pou kèk bagay ou ka vle konnen anvan ou kòmanse.
Kijan YonPousan fonksyone?
Chwazi yon fòmasyon oswa yon videyo, kreye kont ou, epi kòmanse aprann nan ritm pa w. Kontni gratis yo disponib apre w konekte; kontni peye yo aktive apre peman an fin konfime.
Kijan mwen ka peye?
Sou checkout la, w ap wè metòd ki disponib pou acha a, tankou MonCash, NatCash oswa Balans YonPousan. Rechaj manyèl sèvi pou ajoute balans sou kont ou; li pa debloke yon fòmasyon dirèkteman.
Ki diferans ant achte yon fòmasyon ak pran Pro oswa Max?
Lè w achte yon fòmasyon endividyèlman, aksè a rete sou kont ou dapre règ fòmasyon an. Pro ak Max ba w aksè ak kontni ki kalifye pandan peryòd abonman w lan aktif.
Ki diferans ant Pro ak Max?
Pro ba w aksè ak yon seleksyon kontni premium (3 fòmasyon premium enkli). Max ba w aksè ak tout kontni peye ki pibliye (6 fòmasyon premium enkli).
Èske Pro oswa Max renouvle otomatikman?
Non. YonPousan pa fè nouvo peman otomatikman. Lè peryòd ou fini, ou ka fè yon nouvo peman si w vle kontinye ak plan an.
Èske mwen ka aprann sou telefòn mwen?
Wi. Ou ka itilize YonPousan sou telefòn oswa òdinatè, dirèkteman nan navigatè w la.
Kilè mwen jwenn aksè apre peman?
Aksè a aktive apre peman an fin konfime avèk siksè. Si gen yon pwoblèm, paj sipò a la pou ede w.
Èske mwen jwenn sètifika?
Gen kèk fòmasyon ki ofri sètifika. Lè yon fòmasyon kalifye epi w fin ranpli kondisyon li yo, w ap kapab jwenn sètifika a sou kont ou.








