Legal

Copyright ak pwopriyete entelektyèl

Dènye mizajou:

Kontni sou YonPousan (fòmasyon, leson, videyo, tèks, egzèsis, sètifika, imaj, ak koud sit la) pwoteje pa lwa sou pwopriyete entelektyèl. Paj sa a esplike sa w ka fè epi sa w pa ka fè ak kontni sa a.

1. Sa ki pwoteje

  • Non ak logo YonPousan, koulè, style, ak eleman vizyèl mak la.
  • Design ak koud sit la.
  • Tout kou, leson, videyo, tèks, egzèsis, kesyon, dyagram, ak sètifika nou pibliye.
  • Kontni ki soti nan enstriktè oswa patenè ki bay YonPousan lisans pou pibliye l.

2. Kisa w resevwa lè w peye

Lè w achte yon kou/leson oswa w gen aksè via Pro/Max, ou resevwa yon lisans pèsonèl, ki pa transferab pou:

  • Gade kontni an sou aparèy pèsonèl ou.
  • Aprann pou tèt ou.
  • Sèvi ak sètifika ou jwenn lè w ranpli kondisyon yo.

Ou pa achte pwopriyete kontni an. Nou kenbe tout dwa pwopriyete.

3. Sa w pa gen dwa fè

  • Kopye, telechaje, oswa anrejistre ekran leson pou distribiye deyò itilizasyon pèsonèl.
  • Re-piblye kontni YonPousan sou lòt sit, YouTube, oswa rezo sosyal.
  • Vann, revann, oswa lwe aksè kont ou.
  • Pataje kont ou ak lòt moun pou kontounen peman.
  • Modifye kontni epi prezante l tankou pwòp travay ou.
  • Retire mak, avi copyright, oswa idantifyan orijin nan kontni w kopye pou itilizasyon pèsonèl.
  • Ekstrè, repwodui oswa itilize yon kantite sibstansyèl nan kontni YonPousan pou konstwi yon lòt pwodwi, baz done, sèvis, oswa sistèm otomatik, san otorizasyon eksplisit YonPousan.

4. Sètifika

Sètifika nou bay yo se pou konfime ou te ranpli aktivite aprantisaj yo. Yo pa garanti yon rezilta pwofesyonèl oswa akademik nan yon òganizasyon ekstèn. Yo pa dwe modifye, falsifye, oswa vann.

5. Kontni user yo bay

Lè w voye yon mesaj nan chat kominote/gwoup kou, yon repons kesyon, oswa yon opinyon (avi), ou kenbe pwopriyete tèks ou a. Ou bay YonPousan yon lisans pou afiche l sou platfòm nan nan yon fason ki natirèl pou fè sèvis la fonksyone (afichaj, notifikasyon, moderasyon).

Ou responsab kontni w piblik. Pa voye tèks ki vyole dwa lòt moun oswa lwa.

6. Kontni twazyèm pati

Kèk kontni afiche sou YonPousan ka soti sou pwovadè ekstèn (pa egzanp, videyo YouTube). Kontni sa yo obeyi kondisyon pwòp pwopriyetè yo. Nou pa deklare pwopriyete sou kontni twazyèm pati.

7. Reklamasyon copyright

Si w kwè yon kontni sou YonPousan vyole dwa copyright ou, tanpri kontakte nou nan paj sipò a ak enfòmasyon sa yo:

  • Yon deskripsyon travay ki pwoteje a.
  • URL egzak sou YonPousan kote kontni an ye.
  • Prèv ou se moun ki gen dwa yo oswa reprezantan lejitim.
  • Enfòmasyon kontak ou (non, imèl).
  • Yon deklarasyon konsyans reklamasyon w se bon fwa.

N ap egzamine plent lan epi n ap aji nan yon delè rezonab.

8. Vyolasyon ak konsekans

Nan ka vyolasyon sa yo, nou ka retire aksè ou, fèmen kont ou, oswa aji legal lè sa nesesè.

9. Kontak

Pou nenpòt kesyon sou copyright, ekri nou nan paj sipò a.


Yon kesyon?

Ekri ekip sipò a sou paj kontak la. N ap ede w.

Copyright ak pwopriyete entelektyèl — YonPousan | YonPousan