Legal

Kondisyon Itilizasyon

Dènye mizajou:

Byenveni sou YonPousan. Kondisyon sa yo esplike règ ki jere itilizasyon platfòm nan. Lè w kreye kont ou epi w itilize sèvis nou yo, ou dakò swiv règ sa yo. Si w pa dakò, tanpri pa itilize platfòm nan.

1. Ki moun nou ye

YonPousan se yon platfòm aprantisaj an liy an Kreyòl Ayisyen. Nou pwopoze fòmasyon, leson videyo, sètifika, ak sèvis pou ede itilizatè yo aprann nan yon fason pratik.

Pou nenpòt kesyon sou kondisyon sa yo oswa sèvis nou an, ekip la disponib atravè paj sipò a.

2. Kont ou

2.1 Kreye yon kont

Pou itilize plizyè fonksyonalite, ou dwe kreye yon kont ak yon adrès imèl valid. Ou dwe bay enfòmasyon egzak epi kenbe yo ajou nan paj kont ou.

2.2 Verifikasyon imèl

Pou kèk aksyon (tankou enskripsyon nan yon kou), nou ka mande w verifye adrès imèl ou anvan w kontinye.

2.3 Sekirite kont ou

Ou responsab modpas ou. Pa pataje idantifyan ou ak lòt moun. Si w sispèk yon aksè san otorizasyon, chanje modpas ou epi kontakte sipò a imedyatman.

2.4 Yon sèl moun pa kont

Kont ou pèsonèl. Ou pa gen dwa pataje aksè kont ou ak lòt moun pou kontounen peman oswa règ aksè kontni yo.

3. Kontni ak katalòg

Katalòg YonPousan gen ladan: kou gratis, kou peye, ak leson videyo (standalone). Kèk kontni disponib ak abònman Pro oswa Max.

Nou ka ajoute, retire, oswa modifye kontni nan katalòg la nenpòt lè pou rezon operasyonèl, legal, oswa kalite. Sa pa afekte akselarasyon ki deja peye jan detay nan seksyon 4 lan.

4. Acha kou/leson endividyèl

Lè w achte yon kou oswa yon leson standalone endividyèl:

  • Aksè pèmanan (default): lè yon kontni vann ak «Aksè pèmanan», sa vle di aksè a pa gen yon dat ekspirasyon nòmal epi li pa depann de yon abònman Pro oswa Max aktif. Aksè a rete disponib pandan YonPousan kontinye ofri sèvis la ak kontni an, sof si yon rezon legal, sekirite oswa yon vyolasyon kondisyon yo mande pou retire aksè a.
  • Aksè limite: kèk kou ka gen yon dire aksè eksplisit (pa egzanp: 90 jou). Dire sa a montre klèman anvan w peye.

Peman se yon sèl fwa. Pri a montre klèman anvan w konfime peman an.

5. Abònman Pro ak Max

5.1 Sa yo bay

Pro: aksè pandan abònman ou aktif ak fòmasyon ak leson ki make «Enkli nan Pro». Max: aksè pandan abònman ou aktif ak tout fòmasyon ak leson pibliye sou YonPousan.

5.2 Peryòd

Ou ka chwazi peye chak mwa oswa chak ane. Plan anyèl la ba w 12 mwa aksè pou pri 10 mwa (2 mwa gratis). Peryòd la kòmanse lè peman an konfime.

5.3 Fen peryòd la

Abònman Pro oswa Max ou rete aktif jouk dat fen peryòd ou te peye a. YonPousan pa fè nouvo peman otomatikman epi li pa retire lajan nan MonCash ou. Si w vle kontinye jwenn aksè plan an apre dat fen peryòd la, w ap bezwen fè yon nouvo peman pou renouvle plan ou.

5.4 Sa ki rive apre fen peryòd la

Lè yon abònman ekspire oswa yo revoke l:

  • Kou/leson ou achte endividyèlman rete pou tout tan (jan detay nan seksyon 4 lan).
  • Kou/leson w te jwenn aksè sèlman via plan an pa aksesib ankò.
  • Pwogrè aprantisaj ou (istwa) rete anrejistre.

6. Balans wallet ak rechaj

Wallet YonPousan se yon kredi platfòm ou ka itilize pou peye kou, leson, oswa abònman. Se pa yon kont labank ni yon sèvis finansye.

6.1 Fason pou ajoute lajan

  • MonCash otomatik: balans ou kredite otomatikman apre peman konfime.
  • Rechaj manyèl: voye lajan an nan yon metòd yo endike, epi soumèt yon prèv (screenshot ak referans tranzaksyon). Ekip nou an ap verifye epi apwouve oswa mande plis enfòmasyon.

6.2 Verifikasyon rechaj manyèl

Pou pwoteje kont fraud, staff otorize nou ka gade prèv ou soumèt yo pou valide yon rechaj. Nou ka rejte yon demand ki gen prèv ki pa klè, referans ki envalid, oswa siyal fraud.

6.3 Prèv envalid oswa fraud

Nou ka rejte yon demand ki gen prèv ki fo oswa enfòmasyon ki pa ka verifye, epi nou ka sispann kont lan nan ka fwod. Si yon peman reyèl te fèt, ekip la ka egzamine tranzaksyon an separeman selon prèv ki disponib.

6.4 Retrè balans

Sistèm aktyèl la pa gen yon fonksyon retrè balans. Lajan ou ajoute nan balans ou gen pou dèstinasyon achte kontni sou YonPousan.

7. Peman ak metòd

Nou aksepte peman via MonCash (via Bazik) ak metòd depo manyèl konfigire nan sistèm nan. Devis prensipal la se Goud (HTG). YonPousan montre montan li chaje a anvan konfimasyon. Founisè peman an (MonCash/Bazik, oswa yon lòt metòd depo) ka aplike pwòp frè li selon sèvis li.

Nou pa estoke idantifyan MonCash ou (kòd sekrè, PIN, oswa modpas). Peman pase pa provider la, epi nou resevwa sèlman konfimasyon estati ak referans tranzaksyon.

8. Erè pri

Si yon pri afiche klèman pa kòrèk akoz yon erè teknik oswa yon bug (pa egzanp, yon fòmasyon ki nòmalman koute 5 000 Goud parèt pou 50 Goud), YonPousan ka anile tranzaksyon an epi retounen montan ki te peye a, oswa kontakte kliyan an pou konfime pri kòrèk la anvan aksè definitif. Sa a se yon pwoteksyon kont erè, epi li pa yon bagay nou espere fè souvan.

9. Itilizasyon akseptab

Ou dakò pou pa fè bagay sa yo:

  • Enskri sou platfòm nan ak enfòmasyon fo oswa idantite yon lòt moun.
  • Pataje kont ou pou kontounen règ peman/aksè.
  • Kopye, telechaje, re-piblye, oswa vann kontni fòmasyon (videyo, tèks, egzèsis) YonPousan.
  • Anrejistre ekran leson pou distribiye kontni an deyò itilizasyon pèsonèl.
  • Sèvi ak platfòm nan pou aktivite ilegal.
  • Eseye jwenn aksè san otorizasyon sou sistèm nou an oswa done lòt itilizatè.
  • Soumèt fo prèv peman oswa referans tranzaksyon ki envalid.
  • Voye mesaj abizif, dilè, oswa espam nan chat kominote oswa sipò a.

10. Sispansyon ak fen kont

Nou ka sispann oswa fèmen kont ou si ou vyole règ sa yo, sitou nan ka fraud peman, pataj kont, oswa distribiye kontni pwoteje. Nan ka posib, n ap eseye kontakte w anvan yon sanksyon grav pou pèmèt ou reponn.

Ou ka mande fèmen kont ou nenpòt lè lè w kontakte sipò a. Kèk done ka rete anrejistre apre fèmen pou obligasyon peman/audit — detay nan Politik Konfidansyalite.

11. Pwopriyete entelektyèl

Tout kontni sou YonPousan (mak, logo, kod, tèks marketing, kou, videyo, egzèsis, sètifika) pwoteje pa lwa sou pwopriyete entelektyèl. Detay konplè nan paj Copyright.

Lè w achte oswa jwenn aksè ak yon kou, ou resevwa yon lisans pèsonèl pou w itilize kontni an pou w aprann — ou pa achte pwopriyete kontni an.

12. Responsablite ak garanti

YonPousan bay yon zouti aprantisaj. Nou fè efò pou kontni yo egzak epi ajou, men nou pa bay yon garanti espesyal sou rezilta pwofesyonèl, biznis, oswa akademik ou ka jwenn nan aplike sa w aprann.

Nou fè sa nou kapab pou platfòm nan disponib, men aksè ka enteronp pafwa (mantnans, entènèt, provider). Nou pa responsab pou pèt endirèk oswa dòmaj ki depase montan ou peye sou platfòm nan nan 12 mwa ki sot pase yo, jan lwa aplikab pèmèt.

13. Chanjman nan kondisyon yo

Nou ka mete kondisyon sa yo ajou pafwa. Lè chanjman yo enpòtan, n ap fè w konnen (imèl oswa notifikasyon nan aplikasyon an) anvan yo aplike. Kontinye itilize YonPousan apre nouvo kondisyon yo yan vle di ou dakò ak yo.

14. Kontak

Pou nenpòt kesyon sou kondisyon sa yo, ekri ekip sipò a nan paj kontak la.


Yon kesyon?

Ekri ekip sipò a sou paj kontak la. N ap ede w.

Kondisyon Itilizasyon — YonPousan | YonPousan