Legal
Cookies ak teknoloji ki sanble
Dènye mizajou:
Paj sa a esplike cookies ak stockage lokal nou itilize sou YonPousan. YonPousan pa enstale pwòp cookies piblisitè oswa pixels maketing. Kèk sèvis ekstèn ki entegre nan paj yo, tankou YouTube, ka itilize pwòp cookies oswa teknoloji pa yo.
1. Ki sa yon cookie ye
Cookies se ti fichye tèks yon sit ka mete sou aparèy ou lè w vizite l. Yo pèmèt sit la sonje sètèn enfòmasyon (tankou konekte ou rete) lè w chanje paj oswa retounen pi ta.
2. Ki sa nou itilize
2.1 Cookies esansyèl
Cookies sa yo nesesè pou sit la fonksyone. San yo, ou p ap ka konekte oswa sèvi ak fonksyonalite esansyèl.
- Sesyon otantifikasyon (
yp_session) — pou kenbe w konekte apre w antre nan kont ou. Sekirize (HttpOnly, SameSite). - Preferans (tèm klè/sonm si w chwazi) — kenbe pou pa mande w chak fwa.
- Sekirite CSRF — anpeche demand ki soti nan lòt sit atake kont ou.
2.2 Stockage lokal navigatè (localStorage)
- Preferans afichaj (tankou ale/soti sidebar admin).
- Etat UI ki dwe rete apre refresh (ex. tab ki ouvè).
3. Sa YonPousan pa enstale
YonPousan poukont li pa enstale:
- Cookies suiv/tracking twazyèm pati.
- Cookies piblisitè.
- Pixel maketing (Facebook, TikTok, elatriye).
- Zouti analiz twazyèm pati sou tout paj yo.
Nòt: kèk sèvis ekstèn ki entegre nan paj yo (pa egzanp, videyo YouTube) ka itilize pwòp cookies pa yo, jan yo eksplike nan seksyon 4. Si YonPousan te vin ajoute pwòp cookies non- esansyèl demen, n ap mete politik sa a ajou epi n ap mete yon bandwo konsantman anvan yo fonksyone.
4. Videyo YouTube entegre
Kèk leson gen videyo ki soti sou YouTube. Lè w gade yon videyo, YouTube ka mete cookies pwòp li selon règ konfidansyalite l ak konfigirasyon w. Nou pa kontwole cookies sa yo — se règ konfidansyalite YouTube ki jere yo.
5. Kontwole cookies
Ou ka kontwole/efase cookies nan reglaj navigatè ou. Si w efase yon cookie sesyon, w ap bezwen konekte ankò.
6. Chanjman
Nou ka mete paj sa a ajou. Dat «Dènye mizajou» anlè paj sa a montre kilè l te chanje pou dènye fwa.
7. Kesyon
Pou plis detay sou tretman done, gade Politik Konfidansyalite a, oswa ekri sipò a atravè paj kontak la.
Yon kesyon?
Ekri ekip sipò a sou paj kontak la. N ap ede w.